POU TOUT BAGAY KA MACHE BYEN POU OU

Nou tout ta dwe analize sa Bondye di konsènan kalite kondisyon Li vle pou nou nan jou chak moun gen pou yo viv sou tè sa a. Pawòl Li esplike nou sa tankou yon kle nou tout ka sèvi pou nou ouvri pòt, li di: “Se pou nou fè sa ki dwat ak sa ki bon devan je Seyè a, pou tout bagay ka mache byen pou nou, pou nou ka antre epi pran bèl peyi Seyè a te fè sèman l’ap bay zansèt nou yo” (Det. 6:18).

Sa ki atire atansyon nan pasaj sa a, se paske Bondye ap pale klèman sou eksperyans nou nan lavi sou tè sa a, se pa sèlman sa nou pral viv avèk Li nan syèl la. Sa vle di, wi: BONDYE VLE POU OU ALE NAN SYÈL AVÈK LI… MEN LI VLE TOU POU TOUT BAGAY MACHE BYEN POU OU SOU TÈ A! Epi sa ki pi bèl ankò, se paske Li revele nou chemen egzak la pou nou jwi bonte Li! Ki sa mwen dwe konnen pou m ka mete tèt mwen anba “men benediksyon” Bondye a? (Nehemya 2:8). Ann koute vwa plizyè sèvitè Bondye ki te ekri sou kalite byennere sa a.

NAN KLE EKILIB LA

Kounye a: Menmsi se vre volonte Bondye se beni sitiyasyon nou sou tè a, Lekriti fè nou konnen tou gen yon priyorite; li montre nou sekirite tanporèl la se yon fwi ki soti nan rete branche ak kè Bondye, avèk tout senserite ak livrezon nanm nou. Lavi byennere a gen yon sekrè espirityèl, ki te “debloke” pa mwayen Kris la pou l disponib pou tout moun ki kwè nan Li. Nou dwe sèlman kenbe konsyans nan nou ke sa ki pi enpòtan toujou se sa ki espirityèl ak sa ki etènèl. Sa se kle pou jwi bon bagay Bondye yo nan yon ekilib pafè!

Sen Pòl te bay lòd sa a, li di: “Si nou te resisite ansanm ak Kris la, chache bagay ki anwo yo, kote Kris la chita sou bò dwat Bondye a. Mete lespri nou sou bagay ki anwo yo, pa sou bagay ki sou latè. Paske nou mouri deja, epi lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye” (Kol. 3:1-3).

NAN PAWÒL MOYIZ YO

Depi lè Bondye te bay Moyiz Lalwa a, Moyiz te ekri anpil prensip ki te klere chemen pou moun ka pwogrese ak avanse san limit nan lavi: Gen de pasaj espesyal ki esplike se lè nou panche kè nou volontèman vè Li kòm Sous tout bagay:

“Seyè a va louvri bon trezò li a pou ou, li va fè lapli tonbe sou tè ou la nan sezon li, epi l’a beni tout travay ou fè ak men ou. W’a prete anpil nasyon lajan, men ou menm ou p’ap janm bezwen prete nan men pèsonn. Seyè a va mete ou devan, li p’ap janm mete ou dèyè. W’a toujou anwo, ou p’ap janm anba, si ou koute kòmandman Seyè a, Bondye ou la, mwen ban ou jòdi a, pou ou ka kenbe yo epi fè sa yo mande ou la. Ou pa dwe janm vire ni adwat ni agoch kite pawòl mwen ban nou jòdi a pou n’al kouri dèyè lòt bondye pou n’ sèvi yo” (Det. 28:12-14).

“Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m’ temwen jòdi a: mwen mete lavi ak lanmò devan nou, benediksyon ak malediksyon. Chwazi lavi pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo; se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, se pou nou koute vwa li, se pou nou mare ak li; paske se li menm ki lavi nou, se li k’ap fè nou viv lontan sou tè Seyè a te fè sèman l’ap bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb” (Det. 30:19-20).

NAN PAWÒL JEZI YO

Menmsi Jezi te bay avètisman sevè sou danje pou nou konsantre sèlman sou sa ki tanporèl, Li te fè sa klè tou ke yon fwa nou mete Li an premye, L’ap beni lavi nou yon fason k ap siprann nou. “Sa sa ta sèvi yon moun pou l’ ta genyen tout lemonn, si l’ pèdi nanm li?” (Mak 8:36). “Vòlò a pa vini pou lòt bagay pase pou vòlò, touye epi detwi. Mwen menm, mwen vini pou yo ka gen lavi, epi pou yo genyen l’ an kantite” (Jan 10:10).

Yon fwa, Li te pwomèt disip Li yo ki t ap travay di yon bagay gloriye: “Sa m’ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l’, osinon sè l’, osinon manman l’, osinon papa l’, osinon pitit li, osinon jaden l’, poutèt mwen ak poutèt bon nouvèl la, moun sa a gen pou l’ resevwa san fwa (100) plis depi koulye a, nan tan sa a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, ansanm ak anpil pèsekisyon; epi nan tan k’ap vini an, l’a gen lavi ki p’ap janm fini an” (Mak 10:29-30).

An reyalite, sa yo rele “byenere” Seyè a te di yo se pi bèl egzanp ki montre Li vle pou nou konnen chemen bonè a. Men jan Li te di sa nan Sèmon sou Mòn nan: “Chache Wayòm Bondye a an premye ak jistis li, epi tout lòt bagay sa yo va ba nou yo anplis” (Matye 6:33).

NAN PAWÒL SEN PÒL YO

Ala yon bèl rezime konsènan dezi Bondye pou nou chak, pitit Li yo… “volonte Bondye ki bon, ki fè l’ plezi epi ki pafè”Sen Pòl te ankouraje nou fè eksperyans lan (Wom. 12:2).

Sen Pòl te bay Seyè a glwa pou tout benediksyon yo. Nan Travay 14:17, li te di moun List yo Bondye “pa t’ janm sispann bay temwayaj sou li, li te toujou fè byen pou nou: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon rekòt yo nan tan yo, li ban nou manje an kantite epi li ranpli kè nou ak kontantman” (Travay 14:17). Men, anvan sa, li te bay moun yo kle pou yo beni lè yo bay Bondye tout glwa: “li di: Mesye, poukisa n’ap fè sa? Nou se moun menm jan ak nou tou. Nou vin anonse nou Bòn Nouvèl la pou nou kite vye bagay sa yo pou n’ tounen vin jwenn Bondye vivan an, li menm ki fè syèl la, latè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo” (Travay 14:15). Yon fwa ankò… Bib la ban nou kle a.

NAN PAWÒL SEN JAN YO

Apot Jan di konsa nan twazyèm lèt li a: “Zami mwen, mwen swete pou tout bagay mache byen pou ou, epi pou ou an sante menm jan nanm ou an sante” (3 Jan 1:2).

Ala de pawòl chaje ak renmen! Se vre se apot la ki te ekri zanmi l Gayis, men yo dekri nèt sa Bondye vle pou nou, Li menm ki pi bon pase lèzòm! “Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon kado, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p’ap bay moun ki mande l’ yo bon bagay!” (Matye 7:11). Mwen renmen kondisyon yo mete la a: “menm jan nanm ou an sante”. Mwen sèten sa te di pou montre se sèlman lè kè nou ap grandi nan sa ki espirityèl n ap ka resevwa yon pi gwo gras nan men Bondye.

NAN PAWÒL JAK YO

Jak montre nou tout bon bagay nou jwi nan lavi a se gras ak Papa nou ki nan syèl la, epi nou dwe rekonèt sa lè nou ba Li tout glwa! “Tout bon kado, tout kado ki pafè soti anwo, yo desann soti nan men Papa a ki kreye limyè yo, li menm ki pa janm chanje, ki pa gen okenn lonbraj varyasyon nan li” (Jak 1:17).

Sa fè eko ak sa wa Salomon te dekouvri depi nan tan lontan, li te di: “lè Bondye bay yon moun richès ak byen, epi li ba li pouvwa pou l’ jwi yo, pou l’ pran sa ki vin pou li epi pou l’ jwi travay li, sa se yon kado Bondye ba li. Paske li p’ap wè jan jou yo ap pase nan lavi l’, paske Bondye kenbe kè l’ okipe ak kontantman” (Ekl. 5:19-20). Nou dwe Li tout bagay! Epi remèsiman se yon pòt ki fè pwovizyon yo kontinye koule.

NAN PAWÒL PYÈ YO

1 Pyè 3:10-12 di: “Paske: Moun ki vle renmen lavi epi ki vle wè bèl jou, se pou l’ kenbe lang li pou l’ pa di mal, ak bouch li pou l’ pa bay manti. Se pou l’ vire do bay sa ki mal, se pou l’ fè sa ki byen. Se pou l’ chache lapè, epi se pou l’ kouri dèyè l’. Paske je Seyè a sou moun ki mache dwat yo, epi zòrèy li ouvè pou priyè yo. Men, Seyè a vire do bay moun k’ap fè sa ki mal” (1 Pyè 3:10-12).

Bèl jou! Ki moun ki pa vle sa? Pa sèlman pou nou, men pou tout moun nou renmen. Epi nan pasaj sa a yo ban nou fòmil la! “Kilès nan nou k’ap papa pitit, si pitit li mande l’ yon pen, k’ap ba li yon wòch? Osinon si l’ mande l’ yon pwason, k’ap ba li yon sèpan nan plas pwason an?” (Lik 11:11).

NAN BON DIREKSYON AN

Poukisa Bondye vle pou pitit Li yo mache byen? Se pa sèlman pou nou jwi yon ti vwayaj byennere sou tè a, men se pou nou tounen yon enstriman pou glwa Li pandan nou isit la. Menmsi nou se objè prensipal lanmou Bondye pou nou resevwa ak jwi, Li desine nou tou kòm yon kanal pou glwa Li parèt devan lòt moun. Nan ki fason?

  1. Bay mond lan temwayaj sou jan Chemen Bondye a bon.
  2. Sèvi limanite nan ede nan restorasyon li.
  3. Sèvi Kò Kris la ak nan anonse Bòn Nouvèl la.

Gade jan pasaj sa yo di sa klè:

“M’ap fè ou tounen yon gwo nasyon, m’ap beni ou, m’ap fè non ou vin gwo, epi w’ap tounen yon sous benediksyon” (Jen. 12:2). “Paske nou se yon pèp k’ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan mitan tout pèp ki sou latè pou nou te ka yon pèp espesyal pou li… se pa paske nou te anpil pase lòt pèp yo ki fè Seyè a te renmen nou… men se paske Seyè a renmen nou…” (Det. 7:6-8). “Men nou menm, nou se yon jenerasyon Bondye chwazi, yon klas prèt k’ap sèvi wa a, yon nasyon ki apa pou Bondye, yon pèp Bondye pran pou li nèt, pou nou ka fè tout moun konnen bèl kalite moun ki te rele nou soti nan fènwa a pou nou te ka antre nan bèl limyè li a” (1 Pyè 2:9).

KAT DIMANSYON GLWA YO

Nan ki domèn nan lavi nou nou ka wè “bon chans” sa a parèt? Gen kat dimansyon kote Bondye vle montre “plis glwa” pou nou, epi yo disponib youn apre lòt toutotan n ap mache nan obeysans. Yo pa menm bagay, men yo tout enpòtan:

VIKTWA. Sa vle di triyonf espirityèl nou kont peche ak lachè, ak lagè espirityèl nou kont dyab la. Sa gen ladan l tou genyen batay pèsonèl nou yo, tankou sante, fanmi, ak bezwen nou. “Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki ban nou viktwa pa mwayen Jezikri, Seyè nou an” (1 Kor. 15:57). “Paske, tout moun ki pitit Bondye gen viktwa sou mond lan. Epi men viktwa ki fè nou genyen batay la kont mond lan: se lafwa nou” (1 Jan 5:4).

SIKSÈ. Sa vle di viktwa nou jwenn nan lavi nou chak jou, kit se kòm etidyan, kit se nan travay, kòm manman oswa papa, elatriye. “Se pou pawòl ki nan liv Lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou ou kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka swiv egzakteman tou sa ki ekri ladan l’. Se konsa w’a wè tout sa w’ap fè ap mache byen, w’a gen siksè nan lavi ou”(Jozye 1:8). “Li bon pou ou kenbe sa a, epi pou ou pa lage lòt la tou; paske moun ki gen krentif pou Bondye ap soti byen nan tout bagay” (Ekl. 7:18).

BENEDIKSYON. Sa vle di nenpòt benefis Seyè a voye sou sikonstans lavi nou ki gen rapò ak “travay men nou”, tankou pwojè nou ak biznis nou. “Seyè a va voye benediksyon li sou depo manje nou yo ak sou tout sa n’ap fè ak men nou. L’a beni nou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an” (Det. 28:8). “Mete travay ou nan men Seyè a, epi l’ap fè pwojè ou yo mache byen” (Pwovèb 16:3).

FAVÈ. Sa gen rapò ak pòt ouvè Bondye ban nou, Li ban nou favè devan moun, kit se pou nou avanse pi vit oswa pou nou gen plis enpak. Sa aplik tou nan sèvis n ap rann nan Wayòm Bondye a. “Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa konte sou konesans pa ou. Toujou chonje Seyè a nan tou sa w’ap fè, l’a moutre ou chemen pou ou pran an” (Pwovèb 3:5-6). “Mwen konnen sa w’ap fè. Gade, mwen mete yon pòt louvri devan ou, pèsonn p’ap ka fèmen li. Mwen konnen ou pa gen anpil fòs, men ou kenbe pawòl mwen, ou pa janm demanti non mwen” (Rev. 3:8). “Anmenmtan, priye pou nou tou, pou Bondye ka ouvri yon pòt pou nou anonse pawòl li a, pou n’ ka fè moun konnen sekrè Kris la…” (Kol. 4:3).

NAN FÒMIL LAVI KI PI GLORIYE A

Gen plizyè faktè pou w pozisyone tèt ou pou siksè, benediksyon, favè ak viktwa. Pratike yo chak, epi viv lavi ou nèt ale bò kote men Bondye. Ki sekrè sa yo? Gade rapò ki genyen nan pasaj sa yo ant yon rekòt byennèt ak yon “semans” lavi ki fè Bondye plezi:

MISYON (ASSIGNMENT). Viv nan mitan volonte pafè Bondye. “Bondye mwen, mwen pran plezi fè volonte ou, lalwa ou nan fon kè m’” (Sòm 40:8). “Mwen menm, se mwen menm ki te pale, se mwen menm ki te rele l’, se mwen menm ki te fè l’ vini, epi l’ap reyisi nan sa l’ap fè a” (Ezayi 48:15). “Lè li te wete moun sa a, li ba yo David pou wa. Men temwayaj li te bay sou li: Mwen jwenn David, pitit Izayi a; se yon nonm ki selon kè mwen, l’a fè tout sa m’a vle l’ fè” (Travay 13:22).

SOUMISYON. Li enpòtan anpil pou w fonksyone anba lidèchip ak nan obeyisans espirityèl. “Se li menm ki bay kèk moun pou sèvi apòt, lòt moun pou sèvi pwofèt, lòt pou sèvi evanjelis, lòt pou sèvi pastè ak pwofesè, pou prepare pèp Bondye a pou travay sèvis li a… jouk nou tout va rive nan inite lafwa a…” (Efez. 4:11-13). “Menm jan an tou, nou menm jèn yo, soumèt nou anba ansyen yo. Nou tout, se pou nou yonn soumèt devan lòt nan imilite, paske Bondye kanpe kont moun ki gen lògèy, men li bay moun ki gen imilite yo favè li” (1 Pyè 5:5).

IMILITE. Sa nesesè dapre pasaj ki klè anpil, tankou: “Remak pou moun ki gen imilite ak krentif pou Seyè a, se richès, onè ak lavi” (Pwovèb 22:4). “Paske, tout moun ki vle leve tèt yo, y’a bese yo; men moun ki bese tèt yo, y’a leve yo” (Lik 14:11). “Men li bay yon pi gwo favè. Se poutèt sa li di: Bondye kanpe kont moun ki gen lògèy, men li bay moun ki gen imilite yo favè li” (Jak 4:6). “L’a moutre ou, o nonm, sa ki bon; kisa Seyè a mande ou: se sèlman pou ou fè sa ki dwat, pou ou renmen kè sansib, epi pou ou mache nan imilite devan Bondye ou la” (Miche 6:8).

ENTEGRITE. Kondisyon sa a parèt klè nan Bib la: “Kilès ki ka moute sou mòn Seyè a? Kilès ki ka kanpe nan kote ki apa pou li a? Se moun ki pa gen anyen pou yo repwoche yo, moun ki gen kè yo pwòp, moun ki pa tounen vin jwenn vye bagay, moun ki pa janm fè sèman pou twonpe moun. Moun sa a va resevwa benediksyon Seyè a…” (Sòm 24:3-5). “Seyè a di Jeou konsa: Paske ou te fè byen nan fè sa ki dwat devan je m’, epi ou te fè kay Akab la tou sa ki te nan kè m’, pitit ou yo va chita sou fotèy Izrayèl la jouk nan katriyèm jenerasyon” (2 Wa 10:30).

ONÈ. Nou dwe bay Jezikri glwa nan tout sa n ap fè. “Epi mwen menm, lè y’a leve m’ anlè tè a, m’a rale tout moun vin jwenn mwen” (Jan 12:32). “M’ap onore moun k’ap onore m’” (1 Samyèl 2:30). “Onore papa ou ak manman ou, jan Seyè a, Bondye ou la, te kòmande ou la, pou ou ka viv lontan, epi pou tout bagay mache byen pou ou sou tè Seyè a, Bondye ou la, ap ba ou a” (Det. 5:16). “Onore Seyè a avèk byen ou yo, epi ak premye rekòt nan tout sa w’ap fè; konsa depo manje ou yo va plen nèt, epi barik diven ou yo va debòde ak diven fre” (Pwovèb 3:9-10).

NAN AKTIVE SÈK VIKTWA A

Kouman pou nou dezaktive yon sèk defèt ki ta ka mare lavi nou? Prèske tout bagay nan lavi a gen rapò ak Lalwa Semen ak Rekòt. Salmis la te di: “Seyè a te rekonpanse m’ dapre jistis mwen; li te remèt mwen dapre pwòpte men mwen” (2 Samyèl 22:21).

Yon nan pasaj ki esplike pi byen lavi sa a Papa a desine pou nou an, se nan Sèmon sou Mòn nan, kote Jezi te debloke fòmil pou bagay yo ka mache byen pou nou (sa vle di, pou nou “byenere”):

“Benediksyon pou moun ki pòv nan lespri yo, paske Wayòm syèl la se pou yo. Benediksyon pou moun k’ap kriye, paske Bondye va konsole yo. Benediksyon pou moun ki dou, paske y’a jwenn tè a pou eritaj yo. Benediksyon pou moun ki grangou epi ki swaf jistis, paske y’a jwenn sa yo bezwen an. Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske y’a jwenn kè sansib tou. Benediksyon pou moun ki gen kè yo pwòp, paske y’a wè Bondye. Benediksyon pou moun k’ap travay pou moun viv byen yonn ak lòt, paske y’a rele yo pitit Bondye. Benediksyon pou moun y’ap pèsekite poutèt jistis, paske Wayòm syèl la se pou yo.” (Matye 5:3-10).

Konsa tou, se pou nou renmen “Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, epi ak tout lespri nou,” epi “prochen nou menm jan ak tèt nou.” Konsa, n ap aktive viktwa, siksè, benediksyon ak favè Papa a sou lavi nou ak sou kay nou.

AN REZIME

“Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen; rete nan peyi a, epi manje fidelite Li” (Sòm 37:3).

Pa bliye sa: “BONDYE VLE POU OU ALE NAN SYÈL AVÈK LI… MEN LI VLE TOU POU TOUT BAGAY MACHE BYEN POU OU SOU TÈ A.”

Deja un comentario

Tu dirección de correo electrónico no será publicada. Los campos obligatorios están marcados con *